Devlope konpetans pou travay, jere epi evolye nan yon antrepriz.

Kijan pou kòmanse yon biznis ki reyisi. Yon jounen ak ekip Kaw Academy ak lòt antreprenè.
Ranpli fòm nan pou rezève plas ou. Ou pa peye anyen jodi a: n ap voye enstriksyon peman an ba ou nan WhatsApp ak imel.
Wit modil ki kouvri tout sa yon moun bezwen pou òganize, administre epi fè yon antrepriz grandi. Pwogram nan fèt pou antreprenè, pwopriyetè biznis ak anplwaye administratif.
Kijan yon antrepriz mache, ki wòl chak depatman genyen, epi ki desizyon ki nan men yon dirijan.
Fikse objektif klè, analize mache w ak konkiran w, epi bati yon plan ki ka egzekite vre.
Òganize dokiman, pwosesis ak wòl. Ou ap aprann ekri SOP pou biznis ou pa depann de yon sèl moun.
Swiv lajan k ap antre ak k ap soti, kalkile kou ak maj, epi li chif yo pou pran bon desizyon.
Jwenn kliyan, prezante ofè w, epi mete yon pwosesis vant an plas ki bay rezilta chak mwa.
Jere aktivite chak jou, kontwole estòk ou, epi bay yon sèvis kliyan ki fè moun tounen.
Anboche, ankadre epi kenbe bon anplwaye. Kijan pou dirije yon ekip san ou pa fè tout bagay pou kont ou.
Fòmalize biznis ou, konprann obligasyon legal yo, jere risk epi prepare pwochen etap kwasans lan.
Yon modil anplis sou kijan pou itilize entèlijans atifisyèl nan travay chak jou: dokiman, marketing, sèvis kliyan ak analiz.
Sesyon an dirèk ak enstriktè yo pandan pwogram nan, epi yon dosye jesyon final ou prepare sou pwòp biznis ou oswa sou antrepriz kote w ap travay la.
Chak moun ki enskri resevwa yon tikè pou tiraj n ap fè chak semèn nan. Chak semèn ou gen chans genyen.

Mike se fondatè ak direktè Kaw Academy, platfòm fòmasyon pwofesyonèl an Kreyòl la. Li te pwofesè nan Université Notre Dame d'Haïti epi li jere plizyè antrepriz an Ayiti chak jou, sa gen ladan yon biznis enpòtasyon ak yon platfòm e-commerce.
Anpil biznis an Ayiti pa fèmen paske lide a te move. Yo fèmen paske pa gen òganizasyon dèyè yo. Se sa nou pral regle nan pwogram sa.
Ou enskri kounye a san peye anyen. Peman an se yon sèl peman pou tout pwogram nan: 2 mwa fòmasyon, sesyon live, dokiman, modèl ak diplòm nan. Ou gen jouk kòwòt la kòmanse pou ou regle l.
Ou jwenn tout enfòmasyon peman yo sou paj metòd peman an, epi ou voye prèv peman ou apre.
Enskri kounye a, peye apreNon. Ou enskri kounye a epi ou peye apre. Fòm nan rezève plas ou nan kòwòt la, epi n ap voye tout enstriksyon peman yo ba ou nan WhatsApp ak imel. Ou gen jouk 25 oktòb pou ou regle peman an.
Wi, epi tou pou moun k ap travay nan administrasyon yon antrepriz oswa k ap prepare pou louvri youn. Objektif la se òganize, administre epi fè antrepriz la grandi.
Non. Ou ka swiv tout pwogram nan ak yon telefòn ki gen entènèt. Modèl dokiman yo pi fasil sou òdinatè, men yo pa obligatwa.
Videyo yo disponib 24 sou 24, ou gade yo lè ou vle. Sesyon live yo pwograme ak enstriktè yo epi n ap voye dat yo nan gwoup WhatsApp la.
Wi. Diplòm nan rekonèt pa Leta Ayisyen epi Kaw Academy se yon CPD Approved Provider (#788181) pou devlopman pwofesyonèl entènasyonal.
Ou pa gen anyen pou peye kounye a. Antre nan gwoup WhatsApp pwogram nan pou ou resevwa enstriksyon peman an ak tout enfòmasyon sou kòwòt 25 oktòb nan.
Antre nan gwoup WhatsApp la Wè metòd peman yo pou pita